Lapolis nan Senmak arete 2 moun yo akize kòm bandi

Dimanch ki te 16 jen 2024 la, Lapolis nan Senmak arete Paul Julio ak Darisma Jean Baptiste alyas Black paske yo akize yo ta patisipe nan atak ki te fèt sou konpayi Ti Malice nan lannuit vandredi 14 pou louvri samdi 15 jen 2024 la.

Pandan atak sa a, bandi yo te dezame 2 ajan sekirite konpayi sa a ki sitiye nan Mòn Monèt anba Mòn Senmak.

Responsab konpayi Ti Malice yo te anbake yon kamyon diri pou ale Ponsonde apre sa paske yo te panse bandi yo te kite zòn nan apre atak la. Malerezman, menm gang ak zam Ti Monèt yo te detounen kamyon sa a avan menm li te rive sou wout nasyonal la. Bandi yo te pote ale yon batri ak lòt objè ki te nan kamyon an.

Fòk nou souliye nan menm nuit vandredi 14 pou louvri samdi 15 la, bandi yo te boule plizyè ti kay nan zòn Ti Monèt la tou.

Lapolis nan vil Senmak ap kwapre zak bandi sou tout fòm, epi y ap chèche san pran souf Paul Asmy ki se chèf gang nan zòn Ti Monèt ak Giton.

Description de l'image