Lapolis nan Nò arete 4 moun pou vòlò machin ak detounman kamyon machandiz

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Direksyon Depatmantal Nò, arete 4 sitwayen yo akize kòm vòlò machin ak moun ki konn detounen kamyon machandiz.

Se nan kad yon operasyon Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ-Nò) te mennen nan lannuit 17 janvye 2025 la yo rive arete Mésidor Pierre Vens (17 an), Petit Nord Francky alyas Zèl Fè (24 an), Delouis Miguel Innocent (24 an) ak Saint Louis Dukenson (25 an). Fòs lòd yo arete yo sou baz akizasyon vòlò machin ak detounman kamyon machandiz.

Nan kad operasyon sa a, Lapolis tou rekipere yon kamyon machandiz yo te detounen nan dat 15 janvye 2025 nan zòn Mòn Gran Jil, sou wout Nasyonal nimewo 3. SDPJ-Nò rekipere kamyon sa a nan yon garaj nan Plèndinò epi yo tou remèt li bay pwopriyetè li.

Pou kounye a, kat mesye yo plase nan gadavi annatandan lajistis deside sou ka yo.

Description de l'image