Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen li lage koukouwouj dèyè polisye Sévère Aly ki anba akizasyon vyòl sou yon minè 16 lane an jiyè 2025. Y ap chache polisye a pou yo trennen li devan jij entriksyon apre Komisarya Senmak ak Ofis Pwoteksyon Sitwayen te mande yo sa.
Lapolis souliye se yon vyolasyon grav pou yon polisye pa pè li pa krent pou l al vyole yon ti minè. Konsa, yo te pote dosye a devan Enspeksyon Jeneral la epi kòmandan an te pase lòd pou yo arete polisye a lapoula.
Enstitisyon polisyè a endike y ap mete yon avi rechèch pou pèmèt yo arete polisye a san grate tèt, epi yo aktive yon pwotokòl akonpayman pou moun ki viktim vyòl yo.
PNH la fè konnen Wo Kòmandman an p ap tolere okenn fo pa nan sa ki konsène respekte etik ak lalwa. Nan sans sa a, enstitisyon an bay popilasyon an garanti l ap kolabore nètalkole ak lajistis pou etabli responsabilite yo epi garanti aplikasyon lalwa.

