Lapolis di li touye 5 bandi epi sezi zam nan Leogàn

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) fè konnen genyen 5 bandi ki tonbe epi 3 zam sezi nan kad yon operasyon nan komin Leogàn.

Se nan kad yon operasyon Lapolis mennen nan Leyogàn lendi 24 fevriye 2025 la, gras ak inite espesyalize SWAT ak UTAG, ki lakoz bandi sa yo tonbe nan tire kout bal ak fòs lòd yo, epi 2 fizi M4 ak yon pistolè 9mm sezi.

PNH la deklare li kenbe dispozitif sekirite nan Leogàn ak inite espesyalize yo ki vin ranfòse prezans polisyè a nan Komisarya komin nan. Nan sans sa, yo fè konnen operasyon ak entèvansyon polisyè yo ap rapouswiv kont gang yo, pandan yo ankouraje popilasyon an pou kontinye kolabore ak Lapolis.

Description de l'image