Nan yon kominike nan dat 21 fevriye 2025, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) deklare apre vitès siperyè yo di yo pase nan depatman Lwès la pou kraze baz gang ame yo, gen yon bann medizan malpalan k ap bat pou yo jwe nan tèt popilasyon an avèk yon bann manti y ap lage sou rezo sosyal yo.
Se poutèt sa, Lapolis Nasyonal d Ayiti deklare moun sa yo k ap mache di Kòmandan an Chèf PNH la, Mesye Rameau Normil, refize kolabore ak Kòmandan an Chèf MMS la, yo manti kou chen. Li fè konnen 2 gwo chèf yo antann yo trè byen pou mennen operasyon kont gang ame yo.
Lapolis Nasyonal d Ayiti souliye pou tout moun an jeneral ak pou laprès an patikilye enstitisyon lapolis la ap travay nan tèt kole ak MMS la pou yo rive jwenn bout gang yo.
Lapolis Nasyonal d Ayiti pwofite mande popilasyon an pou li kale je li, pou li pa kite moun ki bezwen simen latwoublay jwe nan tèt li. Li fè konnen li renouvle angajman li nan batay kont tout fòm banditis pou li kapab retabli yon klima lapè ak sekirite nan tout peyi a.
