Lapolis bay kontrandi  operasyon li di li mennen kont gang yo

Nan yon nòt nan dat 4 novanm 2025, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) bay kontrandi operasyon li di li mennen kont gang yo nan semèn ki sot pase a.

Nan nòt sa a, Lapolis presize operasyon sekirite yo te rapousuiv semèn ki sot pase a kont gang yo nan Latibonit ak Pòtoprens nan objektif pou kraze gang ame yo epi reprann kontwòl zòn gang sa yo t ap kontwole yo

Se konsa dimanch 3 novanm nan, daprè Lapolis, kèk inite espesyalize te mennen operasyon mache sou yo nan plizyè baz gang, sitou nan Simon Pele ak Vilaj Solidarite. Enstitisyon Lapolis la fè konnen goumen yo te vyolan anpil, sa ki te lakoz bandi yo pèdi plizyè grenn ki te bwè flo bouch yo, tankou youn yo konnen sou non Ti Chapo, san konte lòt ki blese, pami yo anpil gwo malveyan.

PNH la souliye malgre yo te jwenn anpil rezistans, yo te kontinye pwogresyon yo sou Avni Haile Selassie, kote yo te atake plizyè nich gang bò Lopital Bernard Mevs. Yo fè konnen yo te rive retire gwo barikad nan wout yo, san yon marengwen pa pike yon manm fòs lòd yo.

Description de l'image
Kite yon kòmantè