Lapolis anonse Biwo Afè Finansyè ak Ekonomik avèk Direksyon Santral Polis Jidisyè, nan kolaborasyon ak BLTS arete yon sitwayen nan zanviwon ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a pou eskwokri, fo ak izaj fo, ak asosyasyon malfèktè.
Se mèkredi 29 me a yo arete sitwayen sa a ki rele Michelet PIERRE.
Apre yo fin tande li, yo fèmen li nan DCPJ annatandan yo fè sa lalwa mande nan ka sa a.
Lapolis fè konnen tou Biwo Afè Finansyè ak Ekonomik ap kontinye chache san pran souf tout moun ki se konplis Michelet PIERRE pou li fè yo rete trankil pou yo sispann anmède sosyete a.
