Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), atravè Polis Fwontalye Tèrès (Polifront) arete John Michel, alyas John Popo, dimamch 19 janvye 2025 la nan Wanament.
Lapolis akize Jonh Michel kòm moun ki mare sosis li ak gang kriminèl k ap opere sou wout Milo a, espesyalman nan zòn Pon Blan.
John Michel genyen 39 an, li se moun Kadich nan komin Milo. Li se dezyèm chèf gang Kadich la, daprè sa Lapolis presize.
Pou kounye a, John Michel fèmen nan gadavi annatandan yo transfere li nan SDPJ pou konnen kisa lajistis pral deside sou ka li.
