Lapolis arete 2 ansyen polisye ak 2 lòt moun yo akize kòm manm gang

Polis Nasyonal d Ayiti arete 4 moun, pami yo 2 ansyen polisye yo akize ki ta fè pati gang Vilaj de Dye ak gang Bèlè jou vandredi 24 me 2024 la. Arestasyon sa yo fèt nan ri Lamontay ak ri 5 vè 8 è edmi nan maten.

Moun yo arete yo se Lemy Railey Toussaint, Bon Fritz Jean Éliphète, de ansyen polisye, Avril Carlos ak Prévilus Jamesley.

Yo arete ansyen polisye Lemy Railey Toussaint, alyas Pa Vin Tchip yo akize ki ta touye yon moun bò komisarya mache Salomon an.

Yo arete tou Bon Fritz Jean Éliphète ki te enplike nan kidnapin yon òm dafè epi ki te vòlè machin li 10 desanm 2022 nan ri Kapwa, daprè enfòmasyon lapolis genyen.

Anplis, yo repwoche Bon Fritz Jean Éliphète li te kwaze yon machin nan ri Magloire Ambroise pou te anpeche yon blennde lapolis kontinye yon operasyon li t ap mennen kont gang ame yo.

Description de l'image