Lapolis ap patwouye nan yon vil fantom : Epi…?

Madi 31 desanm 2024, dènye jou nan ane madichon sa a pou popilasyon ayisyèn nan ki pase pa l anba men gang ame yo, patikilyèman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) pibliye yon videyo sou paj ofisyèl li yo pou montre l ap patwouye nan vil la, patikilyèman nan Ba Dèlma ak Nazon.

Pou yon 31 desanm, sa fè tris pou wè jan vil la tounen dezè, yon vil fantom kote lavi mawon depi digdantan. Pa gen blokis ni Dèlma 18 ni nan antre Nazon. Kafou Ayewopò menm kote aktivite konn fè li sanble yon nich foumi ou pase pye ladan li, sa blanch, tris kou tonm malere.

Kisa sa vle di lè Lapolis ap patwouye nan cha blennde si lavi pa retounen nan vil la pou sitwayen yo repranm aktivite yo jan sa te ye avan ? Pandan manm popilasyon an ki sove kite katye yo nan zòn Nazon ap resevwa move nouvèl sou kay yo, èske patwouy Lapolis yo ta yon envitasyon pou popilasyon an retounen nan katye li ?

An reyalite, lè ou gade eta katye sa yo kote Lapolis ap patwouye nan cha blennde yo, ou wè kisa vil la tounen : yon dezè, yon simityè. Gang k ap kraze brize yo montre sa yo ka fè vre. Men popilasyon an sèlman bezwen konnen zòn sa yo tounen sou kontwòl Lapolis nèt pou li kapab retounen al viv lavi li jan sa konn ye avan. Senp patwouy nan cha blennde pa twò bay garanti.

Description de l'image