Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse mèkredi 23 oktòb 2024 sa a li vide plizyè bandi atè epi repouse konpayèl yo totalman nan Akayè, nan kad deplwaman fòs lòd yo ki t al pote lamenfòt bay polisye ki te deja sou plas nan batay kont gang ame yo.
Se nan objektif pou fè fas kare ak gang kriminèl yo k ap teworize popilasyon an PNH la te mete tout fon mal li deyò lè li te deplwaye yon bon kantite ajan nan inite espesyalize Lapolis la pou te kapab bay bandi yo repons yo merite a pou zak kriminèl y ap fè sou popilasyon sivil la.
Konsa Lapolis fè konnen deplwaman sa a kòmanse pote bon rezilta epi ajan inite espesyalize yo ap travay san pran souf sou tèren an kote y ap mennen operasyon sible nan komin Akayè a.
An tou, daprè enfòmasyon PNH la kominike, se plis pase yon kenzèn bandi ki tonbe, san konte konpayèl yo Lapolis repouse totalman.
Lapolis pwofite renouvle angajman li ak detèminasyon li pou li jwenn bout bandi yo, pandan li kontinye kwè kolaborasyon popilasyon an enpòtan anpil nan bagay sa a ki vize elimine tout baz gang teworis yo.

