Lapolis angaje nan netwaye lari nan kapital la

Nan okazyon fèt fendane yo k ap pwoche, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), nan yon videyo li poste sou platfòm ofisyèl li yo, li fè konnen polisye Direksyon Sikilasyon ak Polis Woutyè (DCPR) angaje nan travay netwayaj lari nan kapital la. 

PNH la fè konnen polisye sa yo mobilize bò kote manm popilasyon an pou yo patisipe nan netwayaj plizyè wout nan kapital ayisyèn nan, patikilyèman nan Kafou Kriswa ak Boudon pou pèmèt sikilasyon an fèt fasil.

Yo fè konnen tou se yon demach ki vize pou evite aksidan sikilasyon nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la.

Nan sezon fèt sa a, popilasyon ayisyèn nan, patikilyèman nan zòn metwopolitèn Pòtoprens la, ta bezwen sekirite pou li kapab sikile libelibè, mennen aktivite li san kè sote. Si li pa ka jwenn sekirite, li ka reziye li ak netwayaj nan kèk riyèl.

Sa manman poul grate, se sa pitit li beke. Men Lapolis te mèt okipe kesyon sekirite a epi kite koze lapwòptay la pou meri yo ak lòt enstitisyon ki responsab pou sa.

Description de l'image