Se madi 21 janvye 2025 la sektè literè a, patikilyèman pwodiktè nan lang kreyòl yo, etidyan, elèv, ak divès pèsonalite nan monn kiltirèl la te kase randevou nan otèl El Rancho nan Petyonvil pou lansman 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la.
Tèm festival la ane sa a se : Pou yon kreyolofoni syantifik ak yon kreyolofoni literè fètefouni. Atravè tèm sa a, òganizatè yo vle montre nesesite pou valorize travay literè ak travay syantifik serye k ap pèmèt lang kreyòl la devlope pi plis chak jou epi pou li rive sèvi nan tout domèn, kit se domèn literè, kit se domèn syantifik.
Ekriven ki alonè nan kad 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la ane a se Serge Madhère (Ayiti), powèt, doktè nan estatistik ak metòd rechèch, pwofesè inivèsite Ozetazini, Michel Ducasse (Lil Moris), powèt, tradiktè literè, jounalis, ki fòme nan domèn lengwistik ak lèt, epi Lyonel Desmarates ki se ekriven, jounalis, tradiktè literè, manm Akademi Kreyòl Ayisyen. Men se Serge Madhère ki rive prezan an pèsòn paske akoz sitiyasyon ensekirite a kote avyon pa vole sou Ayiti, sa pa te rive posib pou lòt 2 ekriven alonè yo. Sepandan sa pa anpeche yo patisipe kanmenm a distans piske festival la ap dewoule alafwa an prezansyèl epi sou platfòm zoom.
Nan okazyon seremoni lansman an, anpil pèsonalite te pran lapawòl kote yo te eksprime kontantman yo pou festival la ki montre lakilti rete djanm nan peyi a, malgre sitiyasyon difisil n ap travèse, sa ki montre gen lespwa, peyi a p ap mouri.
Prezidan festival la, Powèt Anivince Jean Baptiste ki te pran lapawòl nan okazyon an te sitou felisite epi remèsye diferan pèsonalite ak enstitisyon ki potekole pou rann festival la posib nan yon kontèks tèlman difisil nan peyi a.

Pou Serge Madhère ki se youn nan ekriven alonè yo, festival sa a dwe make yon tounan ki pral mennen nou nan yon kreyolofoni syantifik tout bon vre kote plis jèn pral fè travay serye pou lang kreyòl la kapab avanse, kote li pral kapab taye banda nan tout domèn lasyans tèt kale.
Bò kote pa li, Vis Prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an, Madam Rosilia François, ki te pran lapawòl tou nan okazyon an, li te mete aksan sou 2 aks majè tèm festival la ki se kreyolofoni literè ak kreyolofòni syantifik. Li te souliye sa mande pou ankouraje, fè pwomosyon, valorize tout zèv syantifik ak literè kreyòl, nenpòt kote yo pwodui epi nenpòt moun ki pwodui yo. Li te souliye pwojè sa a se yon pwojè jenn fanm ak jenn gason ki montre Ayiti dwe rete djanm, ki montre peyi a pa ka mouri kèlkeswa sitiyasyon n ap viv lajounen jodi.
Genyen lòt pèsonalite ki te pran lapawòl ankò, swa an prezansyèl osinon sou zoom kote yo tout te montre enpòtans festival sa a epi jan yo te kontan pou patisipe ladan li.
Prezidan festival la, Powèt Anivince Jean Baptiste te pwofite onore 2 pèsonalite kote li te remèt yo chak yon plak onè ak merit. Se Mesye Lorrol Maurival pou jan li te ankadre, sipòtè òganizasyon festival la, an gwo, pou bèl kontribisyon li nan avansman Festival Entènasyonal Literati Kreyòl, epi Ekriven Doktè Serge Madhère pou kontribisyon li nan devlopman literè ak syantifik lang kreyòl.

Kòm yon senbòlis, plak yo te pase nan men tout gwo zotobre ak zotobrèz monn literè ak monn kreyolofòn nan ki te reyini sou sèn nan nan okazyon an, tankou Vis Prezidant Akademi Kreyòl Ayisyen an, Rosilia François, Sekretè Jeneral Akademi Kreyòl Ayisyen an, Grégory Calixte, Sekretè Egzekitif Akademi Kreyòl Ayisyen an, Samuel Jean-Baptiste, Ekriven Akademisyen Christophe Philippe Charles, Akademisyèn Marie Rodny Laurent, Ekriven Akademisyen Pastè Pauris Jean Baptiste, eks.

Nan seremoni lansman an te genyen tou aktivite kiltirèl tankou chan, espesyalman avèk atis Noémie Zamor, avèk dans ki pa te manke mete animasyon nan asistans la.
Festival la ap dewoule soti 21 pou rive 26 janvye 2025 nan Pòtoprens, Gonayiv, Karakòl, Wanament ak an liy. Nan pwogram nan genyen ekspozisyon ak vant liv, konferans, atelye literè, resital pwezi, animasyon kiltirèl, eks.

Festival Entènasyonal Literati Kreyòl se premye evènman literati kreyòl nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen. Se Asosyasyon FEL Caraïbes, sou prezidans Powèt ayisyen Anivince Jean Baptiste k ap mennen aktivite sa a depi 2019, nan patenarya ak Fondasyon Maurice Sixto, Organisation Martiniquaise pour le Développement des Arts et de la Culture (Matinik), Sosyete Koukouy, Akademi Kreyòl Ayisyen, EspasKreyòl (Etazini), KEPKAA (Kanada), ak Tanbou – Literè.
