Lang kreyòl respekte fanm ayisyèn yo

Lang kreyòl respekte fanm ayisyèn yo. Se pou sa li distenge kòrèkteman jan maskilen ak jan feminen pou diferansye si n ap pale de gason oswa de fanm.

Lang kreyòl eksprime jan sou baz sèks.  Nan sans sa a, tout mal se sèks maskilen (gason, kòk, mal bourik, bouk kabrit, towo bèf, mal mouton…), tout fenmèl se sèks feminen (fanm/fi, poul, manman/fenmèl bourik, manman/fenmèl kabrit, manman/gazèl bèf/vach, fenmèl mouton…). Epi tout sa ki pa gen sèks, se jan net (soulye, wòch, kay, machin, avyon, patat, pitimi…).

Pou moun, pou sa ki konsène pwofesyon ak fonksyon moun nan kapab okipe nan sosyete a, nan anpil ka, gen mo pou jan maskilen, gen mo pou jan feminen (direktè / direktris, aktè / aktris, chantè / chantèz, parenn / marenn, tonton / matant, kesye / kesyè, travayè / travayèz…). Gen kèk ka tou, se menm mo a ki sèvi ni pou jan maskilen, ni pou jan feminen (jij, kontab, pwofesè, zanmi, depite, machann, jounalis…). Lè konsa se kontèks la ki pèmèt yon moun detèmine si se yon fanm oswa yon gason.

Pou adjektif yo, genyen adjektif ki sèvi ak menm fòm nan tou ni pou maskilen, ni pou feminen (yon fanm rich / yon nèg rich, yon fanm pòv / yon nèg pòv, yon bèl fanm / yon bèl gason, yon vye malerèz / yon vye malere, yon fanm dosil / yon gason dosil, yon fanm anraje / yon gason anraje, yon fanm kout / yon nèg kout…).

Lang kreyòl tou pa gen sousi pou li plede make fòm (maskilen ak feminen pou sa n ap pale la a) tout kote. Se sa ki fè si yo di «yon bèl fanm», fanm nan deja di se feminen. Konsa tou si yo di «yon bèl gason», gason an deja di se maskilen. Lang kreyòl pa twouve li nesesè pou make sa lòt kote ankò.

Epoutan, gen adjektif ki gen fòm yo itilize pou feminen epi yon lòt fòm pou maskilen (yon nèg elegan / yon fanm elegant, yon nèg rize, yon fanm rizèz, yon gason drivayè / yon fanm drivayèz, yon gason fou / yon fanm fòl, yon nèg parese / yon nègès paresèz, yon gason ayisyen / yon fanm ayisyèn, yon gason dominiken / yon fanm dominikèn, yon gason komedyen / yon fanm komedyèn…).

Kidonk, pou jan lang kreyòl respekte fanm ayisyèn yo, li byen distenge ant gason ayisyen ak fanm ayisyèn. Menm si mak feminen an deja nan fanm, la a lang nan make li klè nan adjektif la tou. Se yon mak respè pou fanm yo, men tou se yon aksan ki mete sou idantite yo kòm fanm, ki se yon sous fyète pou yo, pou gason tou.

Si sosyete a gen tandans pase dwa fanm yo anba pye, la a, lang kreyòl la pa bay chans pou okenn moun pran okenn pretèks pou pa rekonèt yon fanm peyi d Ayiti se yon Ayisyèn, se yon «fanm ayisyèn».

Men pa gen pwoblèm pou di mizik ayisyen, kilti ayisyen, mizè ayisyen. Mizik, kilti, mizè pa gen sèks, yo pa ni maskilen ni feminen.

Chapo ba pou fanm ayisyèn !

Description de l'image