Nan yon nòt pou laprès nan dat 7 desanm 2024, Gran Katye Jeneral Fòs Lame d Ayiti pote demanti sou rimè ki te vle fè kwè li te livre 2 bandi ki te sou kontwòl li bay Anbasad ki te vin reklame yo.
Nan nòt sa a, Gran Katye Jeneral enfòme piblik la nan dat vandredi 6 desanm 2024 vè 1 è PM, yon moun ki se Carlo Tity ak yon lòt ki di li rele Mackendy, yo te eseye antre andedan Òganizasyon pou Elektrifikasyon ak Koperasyon nan Karayib la (OECC) ki twouve li nan Taba kote gen depo materyèl elektrik teknisyen Taywann ap jere nan kolaborasyon ak Elektrisite d Ayiti.
Lame d Ayiti fè konnen militè ki an chaj pou bay sit la sekirite te metrize mesye sa yo trapde.
Daprè presizyon Lame d Ayiti, se anplwaye sivil Taywann yo ki te voye alèt bay Andasad Taywann an Ayiti ki li menm te prese kontakte Anbasad Ameriken an Ayiti ki pa lwen espas la pou chèf sekirite li te kapab ale evalye sitiyasyon an.
Apre ankèt, daprè sa Lame d Ayiti fè konnen, yo te vin gen sètitid 2 mèyè yo ki t ap vòlò rantre nan OECC a se manm gang Kraze Baryè. Se konsa yo te remèt yo bay Lapolis Nasyonal d Ayiti pou lajistis kapab di mo pa li sou ka yo.
Fòs Lame d Ayiti demanti tout rimè ki te gaye sou rezo sosyal yo ki te fè kwè se bay Anbasad Ameriken yo te remèt mesye yo. Lame a fè konnen se swa jamè, pa te menm gen diskisyon oswa negosyasyon sou koze konsa.
Gran Katye Jeneral montre li gen anpil rekonesans ak admirasyon pou vanyan sòlda li yo ki riske lavi yo chak jou pou yo defann peyi a ak enstitisyon li yo. Sakrifis yo ak detèminasyon yo reprezante senbòl nanm peyi nou an.
Anfen Fòs Lame d Ayiti deklare se ansanm n ap konstwi yon Ayiti ki gen plis sekirite, ki gen plis jistis ak plis tèt ansanm. Li swete pou chak sòlda toujou anime avèk detèminasyon ak patriyotis lè l ap akonpli misyon li.

