Daprè yon yon nòt sikilè Kolonèl Louis Marcelin Daniel ki se Direktè Jeneral Ministè Defans adrese bay Lyetnan Jeneral Jodel Lessage ki se Kòmandan an Chèf a.i. Fòs Lame d Ayiti, li mande pou li mete Fòs Lame d Ayiti nan kondisyon D depi lè li resevwa nòt sa a.

«Selon rekòmandasyon Minis la, nou mande ou pou ou mete Fòs Lame d Ayiti nan kondisyon D san pèdi tan. W ap gen pou ou resevwa lòt enstriksyon apre sa.»

Nan sitiyasyon ensekirite jeneral k ap ravaje peyi a, patikilyèman zòn metwopolitèn Pòtoprens la, otorite Ministè Defans yo ta sanble ap mobilize Fòs Lame d Ayiti pou batay.
