Nan peyi Etazini, kèlkeswa wotè ou, kèlkeswa gwosè ou, bat pou ou pa gen pwoblèm ak lajistis. Depi yo di ou mache, ou pa fouti di ou pa pral devan ti jij pòv osinon se sal jij entèl ap sal karaktè ou.
Se konsa, apre lajistis nan Nouyòk te fin rekonèt ansyen Prezidan Donald Trump koupab nan dat 30 me 2024 pou tout 34 chaj yo te retni kont li nan kad zafè 130 000 dola ansyen avoka li Michael Cohen te peye Stormy Daniels pou te fèmen bouch li a, se tou pa Hunter Biden, pitit Prezidan ameriken ki an fonksyon kounye a, Prezidan Joe Biden, pou li resevwa vèdik pa li madi 11 jen 2024 la.
Hunter Biden t ap jije devan yon tribinal federal nan Delawè kote yo te akize li li te posede zam ilegal. Se manti li te bay lè li t ap achte yon revòlvè kòl kobra an 2018, paske nan fòmilè a li pa te deklare li te konn pran dwòg. 2 semèn deba epi anviwon 3 zè deliberasyon te sifi pou jiri 12 manm nan te dekkare pitit Prezidan ameriken an koupab pou 3 chèf akizasyon yo te retni kont li nan kad afè sa a.
Hunter Biden ki gen 54 an se yon avoka ki vin konvèti kòm atis. Li te toujou gen gwo pwoblèm ak konsomasyon dwòg. Sitou apre lanmò gran frè li Beau Biden yon kansè nan sèvo te pote ale nan dat 30 me 2015. Hunter Biden ta pral plase ak madam defen frè li a, Hallie Biden, anviwon 2 zan apre lanmò a. Pwoblèm dwòg sa a se yon gwo pwoblèm pou Hunter ki te kache li te konn konsome li nan moman li t ap achte revòlvè a.
Bò kote Prezidan ameriken an, Joe Biden, papa Hunter, li fè konnen l ap aksepte jan pwosè a fini an epi l ap kontinye respekte pwosedi jidisyè yo. Li fè konnen li menm ak madanm li, Jill, yo renmen Hunter, yo fyè de li epi y ap toujou la pou li. Li deklare sa p ap chanje.
Hunter Biden riske jiska 25 an dèyè bawo ak vèdik sa a, men yo kapab toujou pwononse yon lòt santans ki mwens sevè. Antanke Prezidan, Joe Biden kapab padone Hunter pou li pa ta sibi pèn y ap ba li a, men li te dekkare li pa gen entansyon itilize padon prezidansyèl la pou pitit li a.
Anplis pwosè sa a, Hunter Biden dwe konparèt devan yon lòt tribinal nan Kalifòni an septanm pou li reponn sou akizasyon fwod fiskal.
