Dimanch 9 jen se te eleksyon pou palman ewopeyen kote pati ekstrèm dwat Rasanbleman Nasyonal ranpòte yon gwo viktwa an Frans. Tousuit apre anons viktwa Rasanbleman Nasyonal la, Prezidan fransè a, Emmanuel Macron, pran yon dekrè pou anonse li kraze Asanble nasyonal la epi li mande pou eleksyon fèt pou eli lòt depite rapid rapid, premye tou 30 jen epi dezyèm you 7 jiyè.
Nan yon ti pale li fè ak Fransè yo, Prezidan Emmanuel Macron regrèt bon rezilta ekstrèm dwat la fè nan tout Ewòp, an patikilye an Frans. Li deklare : «Mwen deside ban nou chwazi avni palmantè nou ankò ak vòt nou.» Li di li kwè pèp fransè a gen kapasite pou li fè chwa ki jis pou li menm ak pou jenerasyon k ap vini yo.
Atik 12 konstitisyon Lafrans la bay Prezidan an pouvwa pou li kraze Asanble nasyonal la. Li sèlman konsilte Premye Minis la, Prezidan sena a ak Prezidan Asanble nasyonal la lè l ap fè sa. Premye fwa yon Prezidan te kraze Asanble nasyonal la sou Senkyèm Repiblik la se te 30 me 1968. Lè sa a Prezidan Charles de Gaulle te fè sa pou pote yon repons pou kriz sosyal ki t ap sakaje peyi a epi pou te lakme twoub evènman me 68 yo te pwovoke.
