Jou vandredi 24 me 2024 la, gen bato lagè, avyon chas chinwa ki ansèkle Taywann nan 2èm jou mannèv militè lame chinwa ap fè nan objektif pou teste kapasite Lachin pou li pran pouvwa a, selon sa Peken fè konnen.
Lachin prezante mannèv militè sa yo kòm yon pinisyon sevè kont separatis taywanè yo k ap fini nan yon beny san. Se lame atè, lamarin, lame anlè ak inite fize chinwa k ap patisipe nan mannèv sa yo.
Gad kot Taywanè yo mande Lachin pou li teke fren li epi pou li sispann konpòtman moun tèt loke li a.
Bò kote pa li, Lai Ching-te, nouvo Prezidan taywanè a ki prete sèman lendi ki sot pase a fè konnen Taywann pare pou defann valè libète ak demokrasi. Li deklare : « M ap kanpe ansanm ak frè ak sè m yo nan lame a pou nou defann sekirite nasyonal la.»
Yon lòt bò, Nasyonzini mande tout pati yo evite tout aksyon ki ta kapab fè tansyon an monte nan zòn nan. Yon gwo responsab ameriken di sou bò pa li, Etazini ap suiv sitiyasyon an epi li mande Lachin mete dlo nan diven li.
Lachin toujou konsidere Taywann tankou yon pwovens li l ap chache repran. Sa fè kèk ane Lachin ap monte volim presyon militè, ekonomik, ak politik sou Taywann. Menm si li di li swete yon solisyon pasifik, men li pa janm mete sou kote posibilite pou li ta itilize lafòs.
