Se sou tèm «Lang ak Kilti Kreyòl : Pwogrè, Potansyèl ak Nouvo Pèspektiv» Fakilte Lengwistik Aplike (FLA) nan Inivèsitè Leta d Ayiti ap òganize yon semèn aktivite pou selebre Jounen Entènasyonal Lang ak Kilti Kreyòl ane sa a.
Aktivite sa yo ap reyalize soti madi 21 pou bout madi 28 oktòb 2025 an liy, sou platfòm Google meet kote plizyè espesyalis pral abòde diferan tematik an rapò ak Lang ak Kilti Kreyòl la.
Tout moun ki ta renmen patisipe nan semèn aktivite sa a ap kapab konsilte kalandriye a epi konekte apati lyen sa a :
https://meet.google.com/xsy-eirf-rhx
N ap raple Fakilte Lengwistik Aplike te deja lanse selebresyon kreyolofini an ane sa a avèk plizyè atelye deba ak fòmasyon li te òganize soti mwa jen pou debouche sou dènye semèn aktivite sa a.


