Kreyasyon yon komisyon suivi pou pran an chaj viktim atak Lopital Jeneral yo

Ministè Jistis ak Sekirite Piblik (MJSP) anonse li mete kanpe yon komisyon suivi pou pran an chaj viktim atak 24 desanm 2024 la nan Lopital Jeneral kote 2 jounalis ak yon polisye te pèdi lavi yo, plis plizyè lòt ki te blese

Komisyon sa a ki dwe asire suivi pou pran viktim yo, paran yo oswa dependan yo an chaj genyen laden li yon reprezantan sendika jounalis yo, 2 reprezantan sendika Lapolis yo, yon avoka bawo Pòtoprens ak yon reprezantan Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) kòm obsevatè.

Se reprezantan sendika jounalis yo k ap kowòdone komisyon an. Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Patrick Pélissier, pran desizyon monte komisyon sa a nan kad repons rapid gouvènman an vle bay pou evènman trajik sa a ki te rive nan Lopital Jeneral la.

N ap raple nan yon kominike nan dat 26 desanm 2024, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé te pran angajman san mank konsènan trajedi Lopital Jeneral la pou li te pran an chaj frè medikal blese yo, peye frè fineray polisye a ak de (2) jounalis ki mouri yo, epi pote yon soutyen materyèl ak sikolojik bay fanmi viktim yo.

Description de l'image