Koupdimonn U-17 : Seleksyon nasyonal la rive nan peyi Kata

© FHF

Seleksyon Nasyonal Foutbòl mwens 17 an Ayiti a deja rive nan peyi Kata vendredi 31 oktòb 2025 la, kote li pral diskite koupdimonn U-17 la pami tout pi gwo nasyon foutbòl sou planèt la.

Koupdimonn sa a ap dewoule soti 3 rive 27 novanm 2025 e li reyini an tou 48 ekip ki divize an 12 poul 4 ekip yo chak. Ayiti nan poul E a kote li pral toke kòn li avèk Ejip, Angletè, Venezyela pou yon plas kalifikasyon pou 2èm tou.

Premye match seleksyon ayisyèn nan ap fèt kont Ejip madi 4 novanm a 8 è 30. Apre sa l ap gen pou li rankontre Angletè vandredi 7 novanm a 7 è 30, avan pou l al afwonte Venezyela nan dènye match li nan poul la lendi 10 novanm a 10 zè 45.

Nan yon mesaj Federasyon Ayisyèn Foutbòl pibliye sou kont ofisyèl li, li fè konnen ekip la motive epi! Jèn Grenadye yo pare pou al fè fyète pèp ayisyen. Li ajoute yo pral reprezante tout kouch nan sosyete a, tout Ayisyen, tout moun ki gen san Desalin k ap koule nan venn yo, nenpòt kote yo ye nan 4 kwen monn nan. 

©FHF

Nan sans sa a, li mande popilasyon ayisyèn nan pou voye enèji zansèt yo pou jwè seleksyon U-17 la.

Ayiti nan batay, tout Ayisyen debou ! Grenadye alaso !

Description de l'image
Kite yon kòmantè