Koup Wa a : FC Baselòn rejwenn Reyal Madrid an final

© FC Barcelona

FC Baselòn valide biyè li nan dezyèm demi final Koup Wa a mèkredi 2 avril 2025 la lè li bat Atletiko Madrid 1 a 0 pou li rejwenn gran rival li, Reyal Madrid nan yon lòt klasiko pou final la, pou bonè fanatik balon won yo.

Apre match nil 4 a 4 lakay Baselònè yo nan premye wonn nan, anyen pa te ko di pou de ekip yo avan balon an santre, kote yo chak te dwe degaje yo mete do lòt atè pou al jwe final la. Finalman, se Baselònè yo ki jwenn bout mesye Diego Simeone yo avèk yon grenn gòl Ferran Torres te enskri nan 27èm minit sou yon pas kavya Lamine Yamal.

Kanta Reyal Madrid, li te dekwoche kalifikasyon pa li lendi 1e avril la apre match nil 4 a 4 li fè kont Real Sociedad, nan yon match a rebondidman ki pa manke raple final Mondyal 2022 a ant Ajantin ak Lafrans.

Chak ekip sa yo ki kalifye pou final la elimine advèsè pa yo ak yon nil 4 a 4 epi yon viktwa 1 a 0.

De towo nan foutbòl espanyòl yo ap gen pou y al toke kòn yo nan gran final konpetisyon an k ap fèt nan dat 26 avril nan Estadio de la Catuja nan vil Seviy. Se pral okazyon pou Reyal Madrid tire revanj li sou Baselònè yo ki te mete do li atè nan final Sipèkoup Espay la 5 a 2.

Description de l'image