Koup d Ewòp : Lafrans an demi, CR pa menm 6

Fyète Kreyòl Enfo Tag
KF: UEFA EURO 2024 sou X

Nan dezyèm match 1/4 de final Koup d Ewòp Nasyon yo jodi vandredi 5 jiyè a, Lafrans t ap toke kòn li ak Pòtigal pou yon plas pami 4 mèyè ekip sou kontinan ewopeyen an.

Apre 120 minit ap woule balon, youn nan ekip sa yo pa te rive mete do lòt atè. Se konsa yo te oblije ale nan seyans choute penalite pou yo te kapab deside kilès k ap fè malèt li al lakay li epi kilès k ap kontinye konpetisyon an.

Okenn nan senk choutè Lafrans yo pa te tranble. Yo chak te make lè tou pa yo te rive. Men podyab Pòtigal, Joao Felix ki te twazyèm choutè a te rate chout pa li a. Se konsa Lafrans rive mete do Pòtigal atè 5 penalite a 3 pou li pran biyè pou 1/2 final la.

Cristiano Ronaldo ki gen 37 lane te espere ranpòte yon dènye tit ak peyi li petèt. Menm si li te make penalite pa li a, sa pa te sifi pou Pòtigal te kalifye. CR pa menm 6 jodi a malerezman.

Lafrans pral gen pou l afwonte Espay ki sot mete do Almay atè pi bonè nan jounen an nan 1/2 final. Se pral yon bèl afich.

Demen samdi 6 jen an 2 lòt 1/4 de final yo pral jwe pou detèmine 2 lòt demifinalis yo. N ap genyen :

Angletè – Lasuis a midi

Peyi Ba – Tiki a 3 zè PM.

Description de l'image