Kòripsyon : Inite Lit Kont Kòripsyon lage koukouwouj dèyè Mèt Renan Hérouville

Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) lage koukouwouj dèyè ansyen Pwotektè Sitwayen an, Mèt Renan Hérouville pou l al esplike dekiprevyen genyen yon seri zak ki pa klè ditou li ta komèt pandan li te nan pòs li.

UlCC site atik 11, alineya 2 dekrè 8 septanm 2024 la ki bay Direktè Jeneral la dwa pou li konstate zak kòripsyon, pou li rasanble prèv yo, epi chèche mèt kòripsyon yo pou trennen yo devan lajistis. Konsa si sa nesesè li kapab mande fòs piblik yo pote l sekou.

Nan kad ankèt penal l ap mennen nan Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) sou zak pasasyon ilegal mache piblik, abi fonksyon, detounman byen piblik ak mete baryè pou anpeche lajistis fè travay li, UlCC ap chèche Sitwayen Renan Hérouville ak balèn

UlCC mande tanpri souple nenpòt moun ki ta gen soupson kote ansyen Pwotektè Sitwayen an ta ye pou fè lapolis konn sa.

Description de l'image