Jodi mèkredi 26 jen 2024 la, Kopa Amerika a t ap rapousuiv nan peyi Etazini avèk 2 match kote ekip gwoup B yo t ap toke kòn yo pou yon dezyèm fwa.
Toudabò, Ekwatè te fas pou fas ak Jamayik nan estad Allegiant nan Nevada a 6 zè PM. Ekwatè vannen Jamayik 3 – 1 pou li pran 3 pwen an ki kapab enpòtan anpil pou rès konpetisyon an. Moun ki te make pou Ekwatè se K. Palmer (13′ kont kan li), K. Paez (45+4′) sou penalite epi A. Minda (90+1). Pou Jamayik se M. Antonio (54) ki te redui mak la.
Apre sa, Venezyela ta pral afwonte Meksik nan estad SoFi nan Kalifòni. Venezyela mete do Meksik atè 1 – 0 pou li pran 3 pwen an ki tou sinonim kalifikasyon pou li avèk 6 pwen sou 6, annatandan dènye jounen an. Moun ki te make sèl gòl match sa a se S. Randon (57′) sou penalite.
Venezyela vini alòs dezyèm peyi ki kalifye pou 1/4 de final yo apre Ajantin. Meksik avèk Ekwatè, yo chak gen 3 pwen, yo gen chans yo pou yo kalifye men se youn k ap kapab pase dèyè Venezyela piske se 2 ekip k ap kalifye nan chak gwoup. Pou Jamayik ki gen 0 pwen sou 6, kawòt yo pratikman kuit.
Konpetisyon an ap rapousuiv demen jedi 27 jen an avèk gwoup C a kote pral genyen 2 match.
Panama – Etazini a 6 zè PM
Irigwe – Bolivi a 9 è
