Kopa Amerika : Venezyela an mèt lakou, Meksik babay Nikòl

KF: CONMEBOL Copa America sou X

Jodi dimanch 30 jen 2024 la, Kopa Amerika a t ap rapousuiv nan peyi Etazini avèk dènye match gwoup B a ki te jwe nan menm lè pou evite tout kalkil.

Toudabò, Meksik te fas pou fas ak Ekwatè nan yon match desizif pou yon plas nan 1/4 de final. Chak ekip yo te gen 3 pwen avan match la kòmanse, men akoz yo diferans gòl, Ekwatè te nan dezyèm plas la, Meksik te oblije bat li pou li te pase devan li epi pran dènye tikè nan gwoup sa a pou 1/4 de final yo.

Malgre tout efò, tout atak Meksik te fè, Ekwatè te kanpe tennfas. Li te di Meksik ap toujou gen Kopa, li pa konn pou yon lòt ane men se pa jodi a paske tikè 1/4 de final sa a nan pòch li deja. Men fanatik Meksik yo te kontan anpil lè abit la te soufle yon penalite pou yo nan dènye minit tan mò yo. Men de b yo te wè a pa te vle di byen bon, se te ba li boul. VAR te rele abit la ki t al verifye pou li te konstate pa te gen fot sou atakan Meksik la vre.

Se konsa Meksik ap oblije retounen lakay li. Meksik tou kole ak Etazini kote Kopa a ap jwe a. Vwayaj la p ap long. Ekwatè li menm twò kontan pou li pouse pou 1/4 de final.

Nan lòt match la kote Venezyela te opoze ak Jamayik, Venezyela pase jsmayiken yo yon bèl 3 – 0 pou yo fini premye nan poul la ak 9 pwen sou 9. Yo montre yo te twò fò pou gwoup sa a, se yo ki te mèt lakou a. Jamayik li menm plwaye ti ke li fè valiz li rantre lakay li. Li pa te vin regle anyen nan afè moun. Tout ekip bimen li. Li kite konpetisyon an ak 0 pwen sou 9. Moun ki te make pou Venezyela se E. Bello (49′), S. Randón (56′) epi E. Ramirez (85′).

Ekwatè pral kwaze ak Ajantin jedi 4 jiyè a 9 è PM epi Venezyela li menm pral toke kòn li ak Kanada vandredi 5 jiyè a 9 è PM.

Kopa Amerika a ap rapousuiv demen lendi 1e jiyè a avèk 2 dènye match gwoup C yo k ap jwe a 9 è PM.

Bolivi – Panama a 9 è PM

Etazini – Irigwe a 9 è PM.

Description de l'image