Kopa Amerika : Panama pase, Etazini trepase

KF: CONMEBOL Copa America sou X

Gwoup C a bay vèdik final li apre 2 dènye match yo nan gwoup sa a jodi lendi 1e jiyè 2024 la.

Nòmalman se te yon batay a distans ant Etazini, peyi òganizatè ki t ap rankontre Irigwe, ak Panama ki te opoze ak Bolivi.

Toudabò, Panama toufounan Bolivi 3 – 1 pou li pran 3 pwen an ki tou voye li nan 1/4 de final yo. Moun ki te make nan match sa a se J. Fajardo (22), E. Guerrero (79′) epi C. Yanis (90+1) pou Panama, epi B. Miranda (69) pou Bolivi.

Yon lòt kote, Irigwe ki te deja kalifye konfime otorite li nan gwoup sa a lè li bat Etazini 1 – 0 gras ak M. Olivera (66′). Se konsa Etazini tou pa rive pase nan dezyèm tou Kopa Amerika l ap òganize a. Irigwe ak Panama yo menm ap pouse bourik yo pi devan.

Demen madi 2 jiyè se pral fen faz gwoup yo avèk gwoup D a kote pral gen 2 match nan pwogram nan k ap jwe nan menm lè.

Brezil – Kolonbi a 9 è PM

Kostarika – Paragwe a 9 è PM.

Description de l'image