Kopa Amerika : Irigwe esploze Bolivi pou li kalifye pou 1/4 de final

KF: CONMEBOL Copa America sou X

Jodi jedi 27 jen 2024 la, Kopa Amerika a t ap rapousuiv nan peyi Etazini avèk dezyèm jounen nan gwoup C a.

Toudabò Panama t ap rankontre Etazini a 6 zè PM nan estad Mercedes-Benz nan vil Atlanta nan Jòji. Panama rive mete do Etazini atè 2 – 1 gras ak 2 gòl C. Blackman (26′) epi J. Fajardo (83′), epoutan pou Etazini se F. Balogun (22) ki te louvri eskò a. Avèk viktwa sa a, Panama relanse li nan kous pou kalifikasyon pou 1/4 de final yo avèk 3 pwen sou 6, menm jan ak Etazini.

Nan dezyèm match la ki t ap jwe a 9 è PM nan estad MetLife nan Nyou Jèze ant Irigwe ak Bolivi, konpayon Luis Suarez yo te san pitye pou Bolivi. Yo krabinen li avèk 5 gòl a zewo pou yo konfime pèfòmans yo te fè nan premye jounen an. Moun ki te make pou Irigwe se F. Pellistri (8′), D. Núñez (21′), M. Araújo (77′), F. Valverde (81′) epi R. Bentancur (89′). Avèk dezyèm viktwa sa a, Irigwe genyen 6 pwen sou 6 epi li tou vini twazyèm peyi ki kalifye pou 1/4 de final yo apre Ajantin ak Venezyela.

Demen vandredi 28 jen an, konpetisyon an ap rapousuiv avèk gwoup D a kote Brezil pral batay pou yon opsyon pou li avanse nan Kopa Amerika a.

Kolonbi – Kostarika a 6 zè PM

Paragwe – Brezil a 9 è PM.

Description de l'image