Kopa Amerika : èske Brezil ap bat ba ?

KF: CONMEBOL Copa America sou X

Brezil se youn nan pi gwo jeyan nan foutbòl mondyal la. Li chanpyon dimonn 5 fwa, chanpyon Kopa Amerika 9 fwa, chanpyon Koup konfederasyon 4 fwa. Se pa anpil ekip ki kapab afiche palmarès sa a. Pou bèl jwèt menm, repitasyon foutbòl brezilyen an gaye nan lemonn antye. Se sa ki fè tou, pa gen kote sou latè ekip sa a pa gen fanatik. An Ayiti menm, anpil anpil moun prèske pèdi tèt yo lè yo tande se Seleçāo a k ap woule balon.

Malerezman, sa fè kèk tan Brezil ap fè fanatik li yo soufri paske li gen yon jenerasyon jwè, malgre y ap briye nan pi gwo klèb yo nan lemonn, lè ou mete yo ansanm nan ekip nasyonal la, yo pa ka bay rezilta.

An 2021, yo pèdi Kopa Amerika a lakay yo devan gran rival ajanten an. An 2022, alòske yo t ap mennen 1 – 0 nan fen match 1/4 de final Mondyal Kata a kont Kwowasi, yon erè defans fè Kwowasi egalize pou li t al elimine Brezilyen yo nan penalite. Depi lè sa a, ekip Brezil la vrèman ap travèse yon move pas.

Nan eliminatwa mondyal 2026 yo nan zòn Amsid la, se pyange Seleçāo a ap pyange. Li sèlman 6èm nan klasman an, alòske nan tan nòmal, si li pa te premye, omwens li t ap dezyèm.

Nan Kopa Amerika 2024 la ki kòmanse depi 20 jen an nan peyi Etazini, alòske lòt gwo pwa lou nan Amerik Disid la, Ajantin ak Irigwe, deja kalifye pou 1/4 de final, anyen pa ko klè pou Brezil. Li te fè yon vye fo pa devan Kostarika nan premye match li kote li te sèlman kontante li de yon nil 0 – 0.  Jodi a, Brezil ap fas pou fas ak Paragwe a 9 è PM apre match Kolonbi – Kostarika a k ap jwe a 6 zè PM.

Brezil dwe fè tout sa li konnen pou leve tèt li si li pa vle pran wont yon eliminasyon nan premye tou. Nan moman n ap ekri atik sa a, Kolonbi deja ap mennen 1 – 0 sou Kostarika, sa ki vle di si li konsève avantaj la, l ap tou kalifye pou 1/4 de final yo. Konsa t ap rete yon tikè ki ta pral diskite ant Paragwe, Kostarika ak… Brezil. Sa vle di Brezil pa gen chwa, li dwe bat Paragwe aswè a pou li bay tèt li yon ti sekirite. Pou grandè foutbòl brezilyen an, pou plezi fanatik yo, Brezil pa dwe bat ba.

Description de l'image