Lendi 24 jen 2024 Kopa Amerika a ki sanble pran vitès de kwazyè li fas ak Koup d Ewòp Nasyon yo k ap fè li konkirans t ap kontinye nan peyi Etazini avèk gwoup D a ki t ap rantre nan batay la.
Nan premye match la ant Kolonbi ak Paragwe, Kolonbyen yo domine Paragweyen yo 2 – 1 pou yo pran 3 pwen an k ap enpòtan anpil pou rès konpetisyon an, piske de 2 premye yo k ap kalifye nan chak gwoup. Moun ki te make pou Kolonbi se te D. Muños (32′) epi J. Lerma (42′). Bò kote Paragwe, se J. Enciso ki te redui mak la nan 69èm minit.
Nan dezyèm match la, tout fanatik jòn e vè yo t ap espere yon veritab revèy ekip Brezil la pou li te domine Kostarika yo te panse ki ta pral pran yon bèl rakle nan men konpayon Vinicius Jr yo. Malerezman, malgre yon gwo dominasyon, Brezilyen yo pa te fouti mete do Kostarika atè. Apre abit la fin soufle match fini, chak ekip yo oblije reziyen yo ak yon ti grenn pwen, annatandan sa ki pral pase nan rès jounen yo.
Avèk rezilta nil sa a, Brezil pa mete tèt li an sekirite menm. Konsa li pral oblije batay anpil epi jwenn yon lòt fòmil k ap pèmèt li bat Kolonbi ak Paragwe, pou li pa sibi imilyasyon yon eliminasyon nan premye tou.
Kopa Amerika a ap repedale jodi madi 25 jen an avèk gwoup A k ap retounen sou sèn nan pou 2 match.
Kanada – Pewou a 6 zè PM
Chili – Ajantin a 9 è PM
