Madi 25 jen 2024, Kopa Amerika a t ap rapousuiv nan peyi Etazini avèk dezyèm jounen nan gwoup A a kote Pewou t ap toke kòn li ak Kanada epi Ajantin, k ap defann tit chanpyon li, te fas pou fas ak Chili.
Nan premye match la ant Pewou ak Kanada, Kanadyen yo ta pral siyen yon viktwa istorik lè yo mete do Pewouvyen yo atè 1 – 0 gras ak yon gòl J. David nan 74èm minit. Yo tou pran dezyèm plas gwoup la avèk 3 pwen sou 6 epi bay tèt yo yon bèl opsyon pou yo ta vini dezyèm ekip nan poul sa a k ap kalifye pou 1/4 de final yo. Yon match nil devan Chili nan twazyèm joune a ap sifi pou yo. N ap note tou Pewou t ap jwe ak 10 paske M. Araujo te pran yon katon wouj nan 59èm minit.
Nan dezyèm match la ant Chili ak Ajantin, te genyen anpil angajman fizik jan anpil moun te kapad t ap tann sa etandone repitasyon de ekip sid ameriken sa yo. Men sa pa te anpeche Ajantin mete do Chili atè 1 – 0 gras ak L. Martinez ki te rantre nan fen match la epi ki te make nan 88èm minit. Ajantin tou rete nan tèt klasman an avèk 6 pwen sou 6 epi li tou vini premye kalifye pou 1/4 de final yo.
Kopa Amerika a ap rapousuiv jodi mèkredi 26 jen sa a avèk dezyèm jounen gwoup B a.
Ekwatè – Jamayik a 6 zè PM
Venezyela – Meksik a 9 è PM
