Jodi samdi 29 jen 2024 la, Kopa Amerika a t ap rapousuiv nan peyi Etazini avèk dènye jounen nan gwoup A a kote Kanada t ap toke kòn li ak Chili pou yon plas nan 1/4 de final, epi Ajantin ki te deja kalifye depi avan jounen an te fas pou fas ak Pewou, ki te kapab gen yon chans tou si li te rive mete do Ajantin atè.
Toudabò, ant Kanada ak Chili, match la fini sou menm eskò li te kòmanse a, 0 – 0 apre dènye kout souflèt abit la. Sa fè Kanada ki te deja gen 3 pwen tou rete nan dezyèm plas la avèk 4 pwen sou 9, sa ki sinonim kalifikasyon pou 1/4 de final yo nan gwoup A a dèyè Ajantin. Se istorik. Se premye fwa Kanadyen yo kalifye pou yon 1/4 de final Kopa Amerika. Jenerasyon foutbòl Kanada sa a ap kite non yo nan listwa. Li enpòtan pou note Chili t ap jwe ak 10 kont 11 depi nan 27èm minit paske G. Suazo te pran katon wouj.

Apre sa nan match Ajantin – Pewou a, Walter Samuel ki te sou ban an, paske Lionel Scaloni te anba sispansyon, li te pito aliye yon ekip rezèv paske match la pa te gen twòp anje pou Albiceleste a ki te deja kalifye. Pandan tout match la, pa te gen twòp angajman tou menm jan sa te ye nan match Chili – Ajantin nan nan dezyèm jounen an. Men kanmenm Ajantin ta pral mete 2 gòl gras ak L. Martinez (47′, 86′) ki tou pran tèt klasman meyè bitè a.
Se konsa Ajantin bat Pewou 2 – 0 pou li fini premye nan gwoup sa a avèk 9 pwen sou 9, 5 gòl enskri epi 0 gòl ankese. Kanada li menm pran dezyèm biyè a, Chili ak Pewou elimine.
Demen Kopa Amerika a pral kontinye avèk dènye jounen nan gwoup B a kote 2 match yo ap jwe nan menm lè a pou evite tout kalkil.
Meksik – Ekwatè a 8 è PM
Jamayik – Venezyela a 8 è PM.
Nan gwoup sa a se Venezyela ki deja kalifye avèk 6 pwen sou 6, Ekwatè ak Venezyela, yo chak gen 3 pwen epi Jamayik dènye avèk 0 pwen, li deja elimine.
