Jodi jedi 4 jiyè 2024 la, se te premye 1/4 de final Kopa Amerika a k ap dewoule nan peyi Etazini ant Ajantin, chanpyon an tit, ak Ekwatè.
Nan yon match ki te parèt ase ekilibre ak anpil angajman fizik, Ajantin te rive louvri eskò a gras ak L. Martinez nan 35èm minit. Mitan an ta pral fini 1 – 0 an favè Albiceleste a.
Nan dezyèm mitan an , Ekwatè t ap pouse pou jwenn egalizasyon li epi Ajantin li menm t ap bat pou mete tèt li an sekirite nan chèche make yon lòt gòl. Malerezman pou Ekwatè, E. Valencia ta pral rate yon penalite (62′) apre yon men nan sifas Ajantin nan.
Epoutan jwè Ekwatè yo ki te reve al jwe 1/2 final la pa te dekouraje. Yo te pouse jiskaske K. Rodriguez te rive jwenn egalizasyon an nan tan adisyonèl yo (90+1′). Se te sezisman nan kan Ajantin nan ki t ap prepare yo pou al fete viktwa a.
Apre abit la te fin soufle match fini, yo te oblije pase nan choute penalite tousuit piske daprè pwotokòl Kopa Amerika a, pa gen pwolongasyon. Penalite yo te rezève lo sipriz pa yo. Lionel Messi te rate pou Ajantin, epi A. Mena te imite li kote Ekwatè. Apre sa 4 lòt choutè ajanten yo te make men A. Minda te rate tou pou Ekwatè.
Se konsa Ajantin kale nan penalite 4 – 2 apre nil 1 – 1 epi li tou kalifye pou al jwe 1/2 final yo kote li pral opoze ak venkè match Kanada – Venezyela a k ap jwe demen vandredi 5 jen an a 9 è nan aswè.
Kòmsi balon an konn mèt li. Menm si Lionel Messi pa twò briyan apre li te blese jous li rate penalite, se pa twò grav. Ajantin ap vanse nan konpetisyon an pou li kontinye defann tit li.
