Kopa Amerika a pran vitès de kwazyè li

KF: CONMEBOL Copa America 2024 sou X

Yè dimanch 23 jen 2024 la, balon t ap woule nan kad Kopa Amerika 2024 la nan peyi Etazini. Nan okazyon sa a se gwoup C a ki t ap antre nan batay la avèk 2 match nan pwogram nan.

Toudabò, Etazini ki se peyi òganizatè te fas pou fas ak Bolivi nan estad AT&T a nan Alingtonn, Tegzas. Se Ameriken yo ki mete do ekip CONMEBOL la atè lè yo pase li 2 gòl a zewo gras ak C. Pulisic (3′) epi F. Ballogun (44).

Nan lòt rankont la ant Irigwe ak Panama, nan estad Hard Rock nan Mayami Gardens, Florida, koekipye Luis Suarez yo vannen Panama 3 – 1. Pou Irigwe, moun ki te make se R. Araüjo (16′), D. Nuñez (85′) epi M. Viña (90+1′). Pou Panama se A. Murillo (90+4) ki te sove lonè a.

Nan gwoup C sa a, Irigwe ak Etazini an tèt avèk 3 pwen sou 3, epi Bolivi ak Panama gen 0 pwen sou 3.

Jodi lendi 24 jen an, Kopa Amerika a ap rapousuiv avèk gwoup D a. Nan moma n ap ekri atik sa a, Kolonbi fèk sot bat Paragwe 2 – 1. Nan kèk moman ankò Brezil pral rantre nan batay la kote li pral fas pou fas ak Kostarika.

Nou kapab di Kopa Amerika a pran vitès de kwazyè li tout bon, sitou gen plis gòl ki make nan match yo kounye a.

Demen madi 25 jen an, gwoup A a pral fè dezyèm parèt li avèk 2 match nan pwogram nan.

Pewou – Kanada a 6 zè PM

Chili – Ajantin a 9 è PM

Description de l'image