Petèt akoz Ewo 2024 la ki te deja kòmanse depi 14 jiyè epi k ap limen dife sou tèren Almay yo, petèt tou paske Brezil pa ko antre nan batay, ou ta gen enpresyon Kopa Amerika a frèt frèt nan peyi d Ayiti.
Deja match ouvèti a pa te konble atant fanatik yo. Menm si Ajantin, chanpyon an tit, chanpyon dimonm, te bat Kanada 2 – 0, match la pa te nan nivo ekip Albiseleste a ki te mete move pèfòmanns yo sou do eta pelouz estad Mercedes-Benz nan Atlanta a kote match la t ap jwe a.
Kòm se te yon sèl match la ki te genyen jou 20 jen an, dezyèm match gwoup A a ta pral jwe ant Chili ak Pewou nan vandredi 21 nan estad AT&T nan Alingtonn, Tegzas. Domaj se yon nil 0 – 0 de ekip sa yo fè, epi yo tou kite fanatik balon won an ki renmen wè bèl gòl sou swaf yo. Yo chak kontante yo ak yon grenn pwen epi yo kite Ajantin pou kont li nan tèt gwoup la avèk 3 pwen sou 3.
Yè samdi 22 jen an, se gwoup B ki t ap antre nan batay la avèk 2 match. Toudabò, Venezyela bimen Ekwatè 2 – 1 avèk 2 gòl J. Cadiz (64,’) epi E. Bello (74′) epoutan Ekwatè te louvri eskò a nan 40èm minit gras ak J. Samiento. Apre sa Meksik ta pral mete do Jamayik atè avèk yon viktwa 1 – 0 gras ak yon gòl G. Arteaga (69′). Venezyela ak Meksik tou pran tèt gwoup sa a avèk 3 pwen sou 3 yo chak, Ekwatè ak Jamayik gen 0 pwen.
Jodi dimanch 23 jen an, konpetisyon an ap rapousuiv avèk gwoup C a kote pral genyen 2 match nan pwogram nan. Etazini ki se peyi ògznizatè pral fas pou fas ak Bolivi a 6 zè PM epi Irigwe pral toke kòn ki li ak Panama a 9 è PM.
