Kopa Amerika 2024 : Messi ak Ajantin pral defann tit chanpyon yo

KF: Selección argentina in english sou X

Yon lè y a rankonte istwa Lionel Messi. Pou pale de balon won an, pa gen anyen li pa reyalize. Sakrifis, travay, pèseverans, talan, anfen Lionel Messi pral monte tèren an chanpyon ak ekip nasyonal Ajantin nan kote yo pral defann tit chanpyon yo sou tèren boul nan peyi Etazini kote Kopa Amerika a ap dewoule soti 20 jen pou bout 15 jiyè.

Apre li fin chanpyon Kopa Amerika, Finalisima ak Koupdimonn 2022 a, Lionel Messi pare pou mete lajwa nan kè pèp ajanten an ak tout fanatik ble e blan yo yon lòt fwa nan Kopa Amerika sa a. Bò kote fanatik yo, sèl sa yo mande se pou koup la rete la kote li ye a, nan men mesye Lionel Scaloni yo. Chante a deja pare : «Ranpòte yon lòt koup ak Messi, se sa m ap imajine.»

Ebyen jodi jedi 20 jen sa a, balon an pral santre nan estad Mercedes-Benz nan Atlanta a 8 è diswa an fas Kanada. Fanatik bon boul, ranje kò nou! Chanpyon yo pral woule balon.

Kopa Amerika ane sa a ap fèt avèk 16 ekip. 12 ekip Amerik Disid yo plis 4 ekip Konkakaf ki repati nan 4 gwoup. Se 2 premye nan chak gwoup k ap kalifye pou faz elimasyon dirék yo.

Jodi 20 jen an se sèlman match ouvèti a ant Ajantin ak Kanada ki gen nan pwogram nan. Ni vandredi 21 tou se yon sèl match k ap genyen kote 2 lòt ekip nan gwoup A a, Chili ak Pewou pral fas pou fas nan estad AT&T nan Alingtonn, Tegzas a 8 è diswa.

Description de l'image