Konsèy Tranzisyon an vle mete kanpe yon Konsèy Nasyonal Sekirite

Fyète Kreyòl Enfo

Jou mèkredi 22 me 2024 la, Konsèy Tranzisyon an anonse yo te genyen yon reyinyon yo di ki te enpòtan sou kijan yo pral mete kanpe Konsèy Nasyonal Sekirite a. Nan reyinyon sa a te genyen espè nasyonal, pwofesyonèl ki nan dyaspora a ak lòt pèsonalite enpòtan, jan atik 25, 26 ak 27 akò 4 avril la mande pou sa fèt.

Objektif prensipal reyinyon sa a se te pou defini yon repons efikas pou divès aspè kriz ensekirite peyi ap travèse a.

Jan akò sa a mande a, wòl Konsèy Nasyonal Sekirite a se pou defini ak sipèvize kijan asistans entènasyonal sou sekirite a ap fèt, selon rezolisyon 2699 Konsèy Sekirite Nasyonzini an. Misyon sa a ap fèt nan kolaborasyon sere sere avèk aktè ki konsène yo, ansanm ak espè nasyonal ak entènasyonal yo.

Konsèy Tranzisyon an di li afime angajman li yon lòt fwa pou li travay ak tout patnè yo pou garanti sekirite ak estabilite nan peyi a.

Description de l'image