Konsèy Tranzisyon an salye kouraj Polisye Garry Lyma ki tonbe

Nan yon nòt piblik nan dat 9 avril 2025, Konsèy Tranzisyon an montre li gen anpil tristès, an menm tan li eksprime anpil respè pou Polisye Garry Lyma, yon manm Inite Taktik Anti Gang (UTAG) ki tonbe nan batay ak bandi nan Mibalè.

Konsèy Tranzisyon an fè konnen li koube byen ba devan kadav vanyan polisye sa a ki tonbe pandan l ap fè travay li ki se defann lavi ak sekirite popilasyon an. Konsèy Tranzisyon an deklare dram sa a fè nou sonje sakrifis fòs lòd yo nan konba y ap mennen chak jou kont ensekirite a.

Konsèy Tranzisyon an voye senpati li bay fanmi Polisye Garry Lyma, bay kòlèg li yo nan UTAG ansanm ak tout Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH).

Konsèy la pwofite renouvle angajman fèm li di li genyen pou soutni enstitisyon sekirite yo nan peyi a epi mobilize tout resous ki nesesè pou ranfòse lit kont ensekirite a sou tout tèritwa nasyonal la.

Description de l'image
Kite yon kòmantè