Nan yon kominike pou laprès nan dat 31 mas 2025, Kodonatè Konsèy Tranzisyon an, Mesye Fritz Alphonse Jean, plede pou dyalòg ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn repranm, atravè Komisyon Miks Bilateral la, aprè plizyè mwa dyalòg sa a te kanpe.
Dyalòg la te kanpe ant de peyi yo nan mwa septanm 2023, akoz pwoblèm ti dife vole poutèt konstriksyon kanal sou Rivyè Masak la.
Mesye Jean regrèt espas ayeryen dominiken an ki fèmen pou avyon ki soti Ayiti, sa ki afekte Ayewopò Okap la, kote ensekirite a pa nan nivo sa k ap pase Pòtoprens la. Pou Kodonatè Konsèy Tranzisyon an, se sèl dyalòg ki kapab rezoud kriz sa a. Li fè konnen Ayiti ap fè tout sa ki posib pou Komisyon Bilateral la fonksyone kòrèkteman, pou evite tansyon yo vin pi grav.
Pou sa ki konsène entèdiksyon pou machandiz etranje pa pase sou fwontyè dominiken an pou rantre Ayiti, Fritz Alphonse Jean presize se yon mezi sekirite yo pran pou lite kont trafik zam ak dwòg, se pa yon sanksyon kont Repiblik Dominikèn ditou ditou ki toujou rete yon patnè komèsyal enpòtan pou Ayiti.
Konsèy Tranzisyon an renouvle angajman li di li genyen pou travay ak Repiblik Dominikèn pou retabli konfyans youn pou lòt nan bon jan relasyon bilateral ki byen chita.
