Konsèy Tranzisyon an mande lajistis panche sou ka moun ki anba sanksyon entènasyonal yo

Nan yon nòt piblik nan dat 28 avril 2025, Konsèy Tranzisyon an raple enstitisyon lajistis yo obligasyon yo genyen pou yo panche sou dosye moun yo lonje dwèt sou yo nan diferan rejim sanksyon entènasyonal yo.

Nan yon lèt li voye bay Premye Minis la, Prezidan Konsèy Tranzisyon an mande pou gen mezi ki pran prese prese pou mobilize enstans lajistis ki konpetan yo pou yo kapab fè yon chita gade kisa yo kapab di sou dosye sa yo.

Nòt la presize demach sa a gen pou objektif garanti angajman entènasyonal Ayiti siyen nan zafè lit kont kòripsyon, blanchimen lajan ak vyolasyon dwa Moun.

Konsèy Tranzisyon an fè konnen l ap tann yon rapò detaye sou jan desizyon sa a ap aplike nan yon delè ki pa long, pandan li renouvle angajman li di li genyen pou li fè pwomosyon pou transparans, entegrite ak respè obligasyon entènasyonal yo.

N ap raple Konsèy Tranzisyon an li menm gen akizasyon kòripsyon ki peze sou do li tou kote twa nan manm li yo anba akizasyon Inite Lit Kont Kòripsyon (ULCC) ki te mande pou yo mete aksyon piblik an mouvman kont 3 manm Konsèy la pou abi fonksyon, grese pat moun, ak kòripsyon, nan ka rapò UlCC te mete deyò nan dat 2 oktòb 2024 sou gwo eskandal kòripsyon nan BNC a.

Description de l'image