Konsèy tranzisyon an lanse enskripsyon pou pòs Premye Minis

Fyète Kreyòl Enfo

Konstitisyon 1987 la vini ak Pòs Premye Minis kòm chèf gouvènman nan peyi a epi se apati fevriye 1988 Ayisyen ta pral fè eksperyans ak fonksyon sa a premye fwa lè Prezidan Leslie François Manigat te nome Mèt Martial Lavaud Célestin kòm premye Premye Minis ayisyen.

Nan 36 an, peyi a deja konnen 24 Premye Minis ki pa regle anyen pou pèp Ayisyen rive viv ak diyite.

Nan kafou tèt chaje kote peyi a twouve li jodi a, li oblije pran chans ak yon 25è Premye Minis. Men pou premye fwa yo lanse enskripsyon pou fonksyon sa a paske konstitisyon peyi a di se Prezidan an ki chwazi Premye Minis la pandan li tou fikse nan ki kondisyon.

Se konsa, nan yon kominike pou laprès ki pibliye nan dat samdi 11 avril 2024 la, Biwo kominikasyon Prezidans la fè konnen Konsèy Tranzisyon an ouvè ofisyèlman enskripsyon pou pòs Premye Minis nan kad demach pou mete kanpe gouvènans tranzisyon an.

Kandida yo dwe soumèt pyès yo kòmanse 13 pou rive 17 me 2024, nan anvlòp kachte, nan Viladakèy ki nan Miso, ak nan adrès elektwonik : [email protected].

Daprè kominike a, se sektè ki fòme Konsèy la ak sektè ki dakò avèk Akò 3 avril la ki gen dwa prezantekandida pou pòs Premye Minis, se yon desizyon ki konfòm ak atik 6 Akò sa a.

Sou baz atik 51, 52 ak 52.1 Akò 3 avril 2024 la, epi fas ak Ijans ki genyen pou mete sou plas pouvwa egzekitif tranzisyon an, y ap pèmèt kandida yo angaje yo atravè ak notarye kote y ap gen pou soumèt, pou pita trant (30) jou aprè enstalasyon Premye Minis la, ansanm pyès sa yo, nan ka kontrè y ap resevwa sanksyon Lalwa deja etabli.

Pyès sa yo se :

a) Sètifikz polis Direksyon Santral Polis Jidisyè bay oubyen yon kazye jidisyè Tribinal Premyè Enstans bay ;

b) Deklarasyon definif enpo sou revni ;

c) Sètifika Deklarasyon patrimwàn.

Description de l'image