Nan yon kominike nan dat 24 avril 2024, Konsèy Tranzisyon an kondane ak dènye fòs li tout fòm diskriminasyon ak vyolasyon dwa fondamental konpatriyòt ayisyen yo an Repiblik Dominikèn.
Konsèy Tranzisyon an fè remake kondisyon Repiblik Dominikèn ap pouse do sitwayen ayisyen yo retounen lakay yo bay gwo tèt chaje
Se pou sa Konsèy la mande otorite dominiken yo pou yo respekte dwa resòtisan ayisyen yo epi pou yo bay dyalòg ant 2 peyi yo priyorite, pou yo kapab jwenn solisyon dirab, k ap nan avantaj toulede pati yo, epi ki p ap pase diyite moun anba pye.
Yon lòt kote, Konsèy Tranzisyon an mande otorite ayisyen yo ki gen konpetans pou sa, pou yo pran tout dispozisyon ki nesesè pou akeyi konpatriyòt Repiblik Dominikèn pouse do yo nan diyite, daprè jan prensip dwa moun mande sa.
Anfen, Konsèy Tranzisyon an pa bliye renouvle angajman li di li genyen pou defann dwa tout Ayisyen ak tout Ayisyèn, epi pou li travay pou kesyon migrasyon kapab jere nan bon jan planifikasyon ant 2 peyi yo, yon fason ki respekte dwa moun.
