Nan yon kominike pou laprès ki pibliye madi 29 avril 2025 la, Konsèy Tranzisyon an demanti RNDDH kou chen ki te pibliye yon rapò kote li te montre se gagote mesyedam yo ap gagote nan lajan Leta, nan fè tèt yo ak pwòch yo bèl. Konsèy la salye kouraj ak angajman tout òganizasyon k ap batay kont kõripsyon anndan Leta a, pandan li mande yo toujou kenbe laverite kòm bousòl pou travay yo a ka itil Nasyon an.
Konsèy la fè konnen li sezi wè rapò òganizasyon RNDDH sòti sou fonksyonman Prezidans la, kote li bay yon bann chif sou bidjè yo ki pa kòlte ak reyalite enstitisyon an.
Nan sans sa a, Konsèy Tranzisyon an pote yon demanti fòmèl pou sa ki di nan rapò sa a. Li deklare chif ki avanse yo pa ekzat, genyen yo gonfle e kèk ladan yo kareman fo, oswa pa ekziste ditou. Selon Konsèy Tranzisyon an, done ki nan rapò RNDDH yo simen plis zizani nan mitan latwoublay nou deja ap viv jounen jodi a.
Konsèy Tranzisyon an, ki di li rete kwè RNDDH komèt yon erè, vini ak pwòp tablo chif pa li pou bay plis transparans, daprè sa li di, sou bidjè total Konsèy la ki se bidjè prezidans la, sa vle di resous pou Viladakèy ak palè a fonksyone epi kenbe yo an sekirite (Cat Team, USGPN, USP).
Pou montre yo p ap sifoke nan lajan Leta vre, Konsèy la prezante yon tablo konparatif kote li prezante lòt Prezidan ak gouvènman youn pa vo lòt ki te pase nan tèt peyi a ki te gen pi gwo bidjè pase yo menm ki se 9 gwo Prezidan k ap byen travay pou Repiblik la. Men se yon tablo pousantaj ki pa an valè reyèl.

Konsèy Tranzisyon an aprann nou peyi a ap travèse yon gwo moman vyolans e popiplasyon an ap sibi anpil anba men bandi tout kalte depi kèk lane. Lè yon rapò soti ak de chif ki pa egziste sou kesyon 3 milyon goud pou fèt pak, 2 milyon 500 mil goud pou kat debi elatriye, rezilta a se anvlimen l ap anvlimen tansyon pou destabilize Leta a, daprè Konsèy Tranzisyon an.
Men, reyèlman vre, pou bon travay Konsèy Tranzisyon an ap fè nan peyi a nan avantaj popilasyon an swa nan ba yo bon jan sekirite, osinon nan remete peyi a sou ray ekonomik pou pèp la sispann kouri epi al pran veksasyon nan peyi etranje, yo ta merite pou ta ajoute kèk zewo dèyè chif en an pou yo vre. Se bon pou lwa !
