Konsèy Tranzisyon an anonse yo pral fè twalèt kapital la

Nan yon seyans travay nan Viladakèy lendi 20 me 2024 la, sa ki t ap diskite se pwoblèm gwo pil fatra k ap fè moun esplikasyon nan tout lari kote ou pase nan Pòtoprens ak nan tout zòn metwopolitèn nan.

Achitèk Leslie Voltaire, Manm Konsèy Tranzisyon an te boukante lapawòl ak yon delegasyon majistra zòn metwopolitèn nan ansanm ak DG Sèvis Nasyonal Jesyon Dechè Solid yo.

Yo te gade tout pwoblèm ki kapab anpeche yo pwòpte kapital la.

Yo deside pou lapolis ak lame mobilize pou bay sekirite pou travay sa a ki pral efase imaj lawont sa a nan kapital la kapab posib.

Se yon pwojè k ap bon pou popilasyon an nan senk sans :

– L ap pèmèt abitan nan kapital la pwoteje kont mikwòb, rat ak sourit ki kapab pote tout kalite vye maladi

– L ap redui ris epi prevni dezas sezon siklòn nan ki gen pou rive nan yon mwa ta kapab pote

–  L ap pèmèt netwaye epi anbeli lari kapital la

– L ap kreye 2.500 djòb dirèk epi 10.000 lòt djòb endirèk

– L ap kreye yon klima politik favorab pou nouvo gouvènman ki gen pou pran fonksyon nan pa lontan an.

Fyète Kreyòl Enfo eskize li devan lektè li yo nan lemonn antye paske li oblije ap ekri sou fatra.

Description de l'image