Nan yon lèt ki pote dat 17 janvye 2025, Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (CSPJ) enfòme Majistra Merlan Bélabre, Jij epi Jij Enstriksyon nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens, li deside mete li fè yon ti kanpe sou kote pou yon peryòd twa (3) mwa.
Desizyon sa a pran nan reyinyon 16 janvye 2025 la apre plent yo te depoze kont Majistra a nan dat 7 janvye 2025 konsènan yon dosye vyòl sou minè li t ap trete.
Jij Merlan Bélabre akize dèske li te libere yon direktè lekòl, Mesye René Toussaint, ki li menm akize dèske li te fè dappiyanp sou yon ti elèv 14 lane, bouche bouch li, mete koze nan koze l jis li te rive ansent ti lèzanj la.

Majistra Merlan Bélabre ki gen repitasyon rann yon seri desizyon ki fè moun mete men nan bouch nan sistèm jidisyè ayisyen an ap gen pou li prezante devan Tribinal disiplin ki va deside sou ka li definivman.
