Konferans Episkopal Itali bay posibilite pou gason makomè antre nan pè

Konferans Episkopal Itali pibliye nouvo règleman pou moun kapab vin antre nan pè jedi 10 janvye 2025 la kote yo louvri yon pòt pou gason makomè kapab vin pote soutàn.

Nouvo règleman sa yo Vatikan apwouve otorize yo òdone gason makomè ki vle antre nan pè men fòk yo pa plede ap sonnen klòch di yo se gason makomè, ni yo pa dwe ap milite nan pran defans kesyon relasyon gason ak gason oswa fanm ak fanm.

Legliz katolik rete atache ak lide yon moun ki vle antre nan pè, li dwe selibatè epi li pa dwe nan relasyon seksyèl. Tout jèn Italyen ki ta gen tandans gason makomè ki ta vle antre nan pè dwe kenbe afè yo pou yo, si se pa sa se wè y a wè moun ak soutàn.

An 2024, Pap François te anplwaye de fwa yon mo ensiltan nan dyalèk women an (frociaggine ki vle di pede) ki pa te fè gason makomè yo plezi ditou. Li te deklare gason makomè yo se bon gason, yo ta vle sèvi Senyè a men li panse yo ta dwe al wè yon bon papa espirityèl, yon sikològ.

Malgre Pap la te vin eskize li apre, sa pa te sifi pou touye dife a, ni sispann deba sou kesyon relasyon gason ak gason, fanm ak fanm nan legliz.

Description de l'image