Federasyon Ayisyèn Foutbòl (FHF) pibliye yon kominike pou laprès samdi 21 desann 2024 la pou enfòme piblik la Komite Nòmalizasyon Federasyon an genyen yon nouvo konpozisyon.
Federasyon an fè tout fanmi foutbòl ayisyen an konnen FIFA aktyalize konpozisyon Komite Nòmalizasyon an, nan konsiltasyon avèk Konkakaf.
Komite sa a ki genyen manda li k ap bout jis 30 novanm 2025, daprè sa FHF raple, gen responsabilite pou rapousuiv jefò pou restriktirasyon ak jesyon federasyon an daprè objektif FIFA defini yo.
FHF fè konnen Komite Nòmalizasyon an ap konpoze avèk pèsonalite sa yo apati 1e janvye 2025 :
• Madam Monique ANDRE, Prezidant
• Madam Gally AMAZAN, Manm
• Mesye Yvon SEVERE, Manm
FHF remèsye FIFA ak Konkakaf pou jan yo pa janm sispann sipòte li epi li wete chapo li pou salye angajman Komite Nòmalizasyon an k ap fè tout sa ki enpòtan pou foutbòl nasyonal la kapab gen yon lòt vizaj.
Anfen, Federasyon an mande tout aktè nan foutbòl la ansanm ak tout piblik la pou yo kontinye soutni jefò k ap fèt pou reòganize foutbòl la pou demen ka bèl pou espò sa a nan peyi a.

