Nan yon kominike nan dat 24 fevriye 2025, Ministè Defans ak Fòs Lame d Ayiti enfòme piblik la komisyon rekritman an kòmanse konvoke kandida yo te deja kenbe yo pou yo kapab reevalye kondisyon fizik ak mantal yo ak anpil seryozite.
Kominike a fè konnen etap sa a fondamental pou pèmèt yon kandida al pran fòmasyon militè epi li garanti se sèl kandida ki satisfè egzijans yo k ap kapab kontinye pwosesis la.
Y ap fin etabli lis definitif kandida yo kenbe yo vandredi 28 fevriye sa a. Apre seleksyon an, 150 pi bon kandida yo, y ap voye yo al pran fòmasyon Meksik nan kad koperasyon militè ki egziste ant Meksik ak Ayiti. 720 lòt kandida pral rantre nan sant fòmasyon Fòs Lame d Ayiti ki deja prepare pou resevwa yo.
Ministè Defans pwofite renouvle detèminasyon li pou li bay Fòs Lame d Ayiti sòlda ki byen kalifye pou li kapab ranfòse kapasite operasyonèl ak estratejik li.
Yo mande tout kandida yo pou suiv kominikasyon ofisyèl yo, pandan Ministè Defans ak Fòs Lame d Ayiti fè konnen yo konte sou èd popilasyon an pou yo rive modènize fòs lame yo.
