Nan kad 35èm joune Liga a, Reyal Madrid pran yon katriyèm kal nan men FC Baselòn pou sezon 2024 – 2025 la nan estad olenmpik Lluís Companys dimanch 11 me 2025 la, sa ki tou sinonim sezon blanch pou ekip Carlo Ancelotti a.
Nan yon anbyans elektrik, dekò a te byen plante pou akeyi 4èm klasiko sezon an, apre match ale Liga a, final Sipèkoup Espay ak final Koup Wa a kote FC Baselòn te mete do Madrilèn yo atè chak fwa. Fwa sa a, Reyal Madrid te kòmanse ak fòs kote li te deja ap mennen 2 gòl a zewo nan premye kadè a gras ak 2 gòl atakan fransè a Kylian Mbappé (5′ P ak 14′).
Men ekip Hansi Flick la montre ane sa a li se wa remontada, epi menm si advèsè a make gòl, li menm li sèlman bezwen make plis. Se konsa Eric Garcia ta pral kònen lanbi revòl la lè li reprann yon deviyasyon sou yon kònè ak yon kout tèt pou relanse Katalan yo nan batay la (19′). Yon ti tan apre, match la te gentan 2 a 2, gras ak yon sipèb frap anwoule pepit espanyòl la, Lamine Yamal, ki te al mouri nan ti filè opoze a (32′). Thibaut Courtois te sèlman salye balon an epi souke tèt li devan talan elye 17 an baselònè a ki t ap fè mèvèy.
Avan mitan an fini, Baselònè yo te gentan montre nan klasiko ane sa a se yo ki kòmande, lè yo te enskri de lòt gòl pou pran avantaj la sou Madrilèn yo 4 a 2 gras ak atakan brezilyen an, Raphinha (34′ ak 45′).
Premye mitan an te fini 4 a 2 epi nan dezyèm mitan, Baselòn te kontinye montre dominasyon li nan jwèt la, men atakan yo te vin mwens reyalis devan gòl la, sa ki fè yo ta pral rate anpil aksyon klè. Reyal li menm t ap eseye opere an kontratak. Se konsa Kylian Mbappé ta pral enskri yon 3èm gòl pou siyen yon triple nan match la, sou yon sèvis Vinicius Junior (70′).
Apre sa ta pral gen plizyè aksyon litij, tanbou yon balon ki benyen nan men Aurélien Tchouaméni nan sifas reparasyon an sou yon atak Katalan yo, men apre abit la fin regade videyo a, li di pa gen penal, sa ki te fè fanatik Baselòn yo sezi anpil. Anfen, Fermin Lopez te kwè li te make 5èm gòl la pou Baselòn apre yon bèl pèse nan fen match la. Men abit la ta pral elimine gòl sa a pou yon fot men nan kòmansman aksyon an.
An gwo, Reyal Madrid pèdi 4 klasiko sezon sa a epi li a 7 pwen dèyè FC Baselòn a 3 joune fen Liga a. FC Baselòn li menm kapab kòmanse fete tit chanpyon li nan chanpyona espanyòl foutbòl maskilen an, kontrèman ak rival madrilèn yo k ap fè yon sezon blanch grimas.
